Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Trav 14:1-7

Trav 14:1-7 VKF

Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a. Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo. Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo. Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas aprann koze a, yo kite vil Ikonyòm. Yo lage kò yo nan vil Lis ak vil Dèb ki nan zòn Likawoni an ak kèk lòt kote nan anviwon an. Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis.

Li Trav 14

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Trav 14:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo