Trav 13:26-41

Trav 13:26-41 VKF

Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm. Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. Men Bondye Papa a te resisite Jezi. Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la. Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w. Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di: M ap ba ou tout bon bagay mwen te pwomèt David yo. Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò: Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè. David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou: Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou, nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li; Paske pandan tan pa nou an la, m pral fè yon bagay nou p ap kwè. Nou pa t ap janm kwè l, menmsi moun ta rakonte nou li!”