Trav 1:12-26

Trav 1:12-26 VKF

Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt konsa. Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la. Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou. Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo. Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a. Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”. Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou lakay li tounen yon dezè, se pou pèsonn pa rete lakay li. Men sa ki ekri ankò: Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la. Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo. Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Li Trav 1