Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m. Moun ap sòti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letyopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen. Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an. Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon. Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan!
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt!
Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo.
Li bale tout lènmi nou yo ale.
Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou.
Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo:
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè.
Pa dekouraje!
Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou!
Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou.
Li kontan wè sa n'ap fè.
L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou.
W'ap fè kè l kontan. L ap chante
tankou lè gen fèt:
Senyè a di:
— Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a.
Mwen wete wont ki te sou nou an.
Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo.
M'a sove moun k'ap bwete yo,
m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo.
Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont
mwen pral fè yo fè lwanj pou yo,
tout moun pral nonmen non yo.
Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou.
Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an.
M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou,
y'a nonmen non nou.
N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò.
Se Senyè a menm ki di sa.