Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile byen, anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Senyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Senyè a rive sou nou. Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Senyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Senyè a va fè wè kòlè li.
P'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo. Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Senyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a. Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje. Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.
Senyè a di ankò!
— Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. Se poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo. Se sa ki pral rive moun Mowab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Senyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. Senyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l, yo chak nan peyi pa yo.
Nou menm tou, moun peyi Letyopi yo, Senyè a ap touye nou nan lagè!
Senyè a va leve men l bò nan nò, l'ap detwi peyi Lasiri. L'ap fè lavil Niniv tounen yon savann, yon tè sèk tankou dezè. Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay. Koukou ak zagoudi pral fè nich nan mitan demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaw va rele nan papòt kay yo. Moun rache tout bwa sèd nan chapant kay yo. Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.