Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l pou fè lento pòtay Tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li! Senyè a pale avè m ankò, li di m: — Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l fini l. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Senyè a, ki te voye ou bò kote yo. Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l!
Li Zakari 4
Koute Zakari 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 4:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo