Gade! Men jou jijman Senyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Senyè a pral sanble tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la. Lèfini, Senyè a pral parèt pou l'al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an. Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l la lè tranblemanntè a te pase sou reny Ozyas, wa peyi Jida a. Senyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l yo avè l.
Li Zakari 14
Koute Zakari 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 14:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo