Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis, vennkatriyèm jou nan onzyèm mwa a, mwa yo rele Cheba a, Senyè a bay pwofèt Zakari, pitit Berekya, pitit pitit Ido a, yon mesay. Men ki jan pwofèt la rakonte l: — Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l. Mwen mande: — Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen: — Mwen pral fè ou wè sa yo ye. Nonm ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m konsa: — Se moun Senyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè. Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l konsa: — Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont. Lè sa a, zanj Senyè a pran lapawòl, epi li di: — Senyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo? Senyè a reponn zanj ki t'ap pale avè m lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouray li. Lèfini, zanj ki t'ap pale avè m lan di m: — Men sa pou ou fè moun yo konnen: Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil. Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pat twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li. Se poutèt sa, men sa Senyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati Tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa: Zanj lan di m: — Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Senyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m pa m ankò.
Li Zakari 1
Koute Zakari 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 1:7-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo