Anmourèz mwen, Ou bèl tankou lavil Tisa. Lè mwen wè ou, sa fè mwen plezi, Se tankou lè mwen wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase se tankou bèl parad sòlda, Moun, sou de ran, ap kanpe gade! Sispann gade m, paske lè ou gade m, ou fè m pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo. Dan ou blan kou blan kokoye. Ou pa manke yonn. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo. De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a. Wa a gen swasant renn, katreven mètrès. Pou jenn fi menm, pa gen bouch pou pale. Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman li fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè li, Y'ap plede di li: gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak mètrès yo menm ap fè lwanj li. Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fenk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou! Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri. Apre sa, m pa konn sa ki pase m. M santi m tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen. Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n ka gade ou!
Li Kantik 6
Koute Kantik 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kantik 6:4-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo