Kantik 4:1-16

Kantik 4:1-16 HAT98

Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou! Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal! Cheve ou ap danse tankou yon bann kabrit Bann kabrit k'ap kouri desann mòn Galarad. Dan ou blan tankou blan kokoye. Ou pa manke yonn menm ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo. Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj vyolèt. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou, ou ta di de katye grenad anba vwal chapo ou! Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj. Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè. M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve. Ou pa manke bèl, anmourèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defò! Ann al avè m non! Ann desann mòn Liban an, fyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba. Sò mwen, bèl negès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen. Ala dous karès ou dous, mennaj mwen, bèl nègès mwen! Karès ou pi dous pase siwomyèl. Ou santi pi bon lontan pase pi bon fèy santi bon. Bouch ou bay gou siwolòja, bèl cheri mwen! Lang ou menm, se lèt ak siwomyèl. Sant rad sou ou, se lodè jasmen ki gaye sou mòn Liban. Mennaj mwen, bèl negès mwen, Ou tankou yon jaden kache, Yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, Yon fontèn anba kle. Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm, tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant. Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre sòti nan mòn Liban an. Van nòde, leve non! Van siwa, kouri vin soufle sou jaden mwen an non! Plen lè a ak bon sant!. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje pi bon fwi yo!