Se yon wòz mawon sou mòn Sawon mwen ye,
yon bèl ti flè nan yon basrak.
Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan,
se konsa anmourèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.
Tankou yon pye kayimit nan mitan yon rakbwa,
se konsa mennaj mwen ye nan mitan tout jenn gason yo.
Mwen renmen chita anba lonbray li.
Fwi li gou nan bouch mwen.
Li mennen m yon ti kote al bwè avè l.
Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen.
Li remoute kouray mwen ak pen rezen.
Li rafrechi gòj mwen ak ponm.
Mwen malad sitèlman mwen renmen!
Li pase men gòch li anba tèt mwen,
l'ap karese m ak men dwat li!
Nou menm, medam lavil Jerizalèm,
Tanpri, tanpri souple!
Fè mwen sèman sou tèt gazèl bèf, Sou tèt fenmèl kabrit ki lage nan savann yo.
Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi.
Pa reveye li anvan lè.
Mwen tande vwa mennaj mwen!
Men l'ap vini. Li sòti sou mòn yo,
l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
Mennaj mwen tankou yon kabrit,
tankou yon jenn ti kabrit.
Men li la dèyè miray kay la.
L'ap gade nan fennèt la,
l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
Mennaj mwen pale avè m, li di m:
Vini non, anmourèz mwen!
Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
Gade! Sezon fredi pase,
lapli sispann tonbe.
Nan tout jaden, flè yo louvri.
Se sezon ou tande chante toupatou.
Toutrèl gentan ap chante nan bwa.
Fig frans konmanse mi.
Nou ka pran sant flè pye rezen yo.
Vini non, anmourèz mwen!
Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo,
Anba gwo wòch byen wo yo.
Moutre m' ti figi ou non!
Fè m' tande vwa ou.
Ala bèl ou bèl!
Ala dous vwa ou dous!
Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo
anvan yo ravaje jaden rezen nou yo,
jaden rezen nou yo k'ap fleri.
Mennaj mwen, se pou mwen li ye!
Mwen menm, se pou li mwen ye!
L'ap fè mouton l yo manje nan mitan pye wòz yo.
Anvan labrin tonbe,
anvan solèy vin kouche,
kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen,
tankou yon kabrit,
tankou yon jenn ti kabrit
k'ap kouri sou mòn byen wo yo.