Manyè di mwen non, ou menm mwen renmen anpil la, ki bò ou pral mennen mouton ou yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa mwen p'ap bezwen ap chache ou kou moun fou nan mitan gadò tokay ou yo. Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo. Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo. Ala bèl ou bèl jan ou penyen an ak pèl nan très ou yo! Ala bèl ou bèl ak bèl kolye nan kou ou! Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l. Mèt mwen kouche bò kote mwen. Lodè pafen sou mwen gaye toupatou. Mennaj mwen tankou yon ponyen bazilik ki lonje bò kote mwen. Anmoure mwen tankou yon bouke woz k'ap fleri nan yon jaden apa. Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen! Ala bèl ou bèl! Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal. Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti debyen ou debyen ak mwen. Zèb yo sèvi nou kabann! Bwa sèd sèvi nou poto kay, Planch bwachenn sèvi nou panno.
Li Kantik 1
Koute Kantik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kantik 1:7-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo