Chirasid 40

40
Mizè lavi yon moun
1Se gwo traka pou tout moun sou latè.
Yon gwo chay lou ap kraze kouray tout pitit Adan yo,
depi jou yo sòti nan vant manman yo
jouk jou yo tounen nan latè ki manman tout moun.
2Bagay ki tout tan nan lide yo, bagay yo pè,
se jou lanmò yo y'ap tann ak kè sote a.
3Depi wa ki chita sou gwo fòtèy nan mitan yon bann bèl bagay,
rive sou pòv malere ki chita atè sou sann dife,
4wi, depi wa ki pote bèl rad wouj ak kouwòn sou tèt yo,
rive sou malere ki mete vye rad sak sou yo,
pou yo tout se menm bagay la:
se fè kòlè, se anvye sò moun, se traka, se kè sote,
se pè lanmò, se rayisab, se kont.
5Menm lè lannuit nou moute kabann pou poze kò nou,
lè dòmi pran nou, nou gen yon lòt kalite traka.
6Dòmi pòko pran nou, nou tonbe fè rèv.
Se tankou si nou te je louvri gwo lajounen,
n'ap fè yon bann vizyon k'ap fè nou pè.
Nou tankou yon sòlda k'ap kouri vole gagè nan mitan batay.
7Lè lènmi prèt pou mete men sou nou, lamenm je nou klè.
Nou tou sezi wè se pou anyen nou te pè tout pè sa a.
8Pou tout kreyati Bondye yo, depi moun rive sou bèt, se menm sò a k'ap tann yo.
Men, sa sèt fwa pi mal pou moun k'ap fè peche yo.
9Se lanmò, se met san deyò, se kont, se goumen, se lagè,
se malè, se grangou, se tray, se maladi epidemi!
10Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo Bondye kreye tout bagay sa yo.
Se yo menm ki te lakòz gwo malè sa yo#40.10: gwo malè sa yo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: gwo inondasyon an. rive.
11Tou sa ki sòti nan latè ap tounen nan latè,
menm jan an tou, sa ki sòti anwo ap tounen anwo.#40.11 sa ki sòti anwo ap tounen anwo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: dlo ki sòti nan lanmè gen pou l tounen nan lanmè.
Mechanste pa bay
12Yon lè, moun va sispann bay lajan anba, y'a sispann fè lenjistis.
Men moun ki onèt yo ap la pou tout tan.
13Richès ou fè nan move kondisyon gen pou fini tankou yon lavalas,
tankou yon kout loray ki pete lè gwo lapli.
14Lavalas la pote gwo wòch lè l'ap desann,
apre sa, li rete konsa li chèch.#40.14 Vèsè sa a difisil anpil pou konprann ni nan tèks grèk la ni nan tèks ebre a.
15Pitit moun ki p'ap sèvi Bondye yo p'ap gen gwo fanmi.
Y'ap tankou plant k'ap chache pouse rasin nan mitan wòch.
16Osinon, tankou pye wozo ou jwenn toupatou bò sous dlo, bò gwo larivyè.
Premye pyebwa k'ap chèch #40.16 chèch: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: rache. se yo menm.
17Men, lè ou fè byen, se yon bèl jaden benediksyon.
Lè ou fè lacharite, sa la pou tout tan.
Bon plezi nan lavi moun
18Moun ki pa sou kont lòt moun,
moun k'ap travay pou yo viv, y'ap mennen lavi dous.
Men, sa pi bon toujou lè ou jwenn yon ja lajan.
19Lè ou gen anpil pitit, osinon lè ou bati yon lavil, non ou pa pèdi.
Men, sa pi bon toujou lè ou jwenn bon konprann.
Lè ou gen bèt ak plantasyon, sa fè moun konnen ou.
Men, y'ap gen plis konsiderasyon pou ou lè ou gen yon fanm ki san defo. #40.19 fanm ki san defo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: fanm ou renmen.
20Diven ak mizik ka fè kè ou kontan.
Men, lè ou renmen bon konprann #40.20 renmen bon konprann: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: fè yon bon maryaj. ou pi kontan toujou.
21Fif ak gita fè bèl mizik,
men yo pa ka parèt devan yon bèl vwa moun.
22Se bèl plezi je pou ou wè bèl bagay ki gen bèl fòm,
men pa tankou yon bèl jaden tou vèt.
23Zanmi ak kanmarad se toujou byen jwenn ak byen kontre.
Men, pou yon madanm ak mari l, #40.23 pou yon madanm ak mari l: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: lè ou gen yon fanm ki gen lespri. se pa pale.
24Lè sa pa bon, si ou gen yon frè osinon yon moun ki ka ede ou, sa ap toujou sèvi ou.
Men, pi bon toujou, si ou konn lonje men bay pòv: sa ap wete ou nan move pas la.
25Si ou gen lò ak ajan, w'ap mache fèm nan lavi ak kèpòpòz.
Men, gen plis konsiderasyon pou moun ki konn bay bon konsèy.
26Richès ak fòs grannèg bay kèpòpòz.
Men, pa tankou krentif pou Granmèt la.
Lè ou gen krentif pou Granmèt la ou pa manke anyen.
Lè ou genyen l ou pa bezwen chache lòt sekou.
27Krentif pou Granmèt la se yon jaden benediksyon.
Li pwoteje pi byen pase tout lòt bèl pouvwa.
Metye mande
28Pitit mwen, pa fè metye mande pou ou viv.
Pito ou mouri pase pou w'ap mache mande.
29Si w'ap gade sou lòt moun pou yo ba ou manje,
ou pa ka di se viv w'ap viv lavi ou.
Se sal w'ap sal bouch ou ak manje lòt moun ap ba ou.
Mande se yon lapenn pou nanm tout moun ki gen nen nan figi yo. #40.29 Mande se yon lapenn pou nanm moun ki gen nen nan figi yo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: bagay yon moun ki eklere epi ki byennelve p'ap janm fè.
30Nan bouch yon moun ki san wont, mande se bèl bagay.
Men, gen yon sèl dife k'ap manje l anndan.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 40: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte