Chirasid 37

37
Bon zanmi ak fo zanmi
1Tout moun ki zanmi ou ap di ou se zanmi ou yo ye.
Men, gen moun ki zanmi nan bouch ase.
2Lè yon kanmarad osinon yon bon zanmi ou fè ou lènmi,
sa fè ou lapenn anpil, rete pou ou mouri.
3Ala yon move panchan nou genyen!
Kote sa sòti menm pou toupatou sou latè li fè moun yonn ap twonpe lòt konsa?
4Lè tout afè ou ap mache byen, zanmi yo la avè ou.
Men, kite malè rive ou, yo vire sou do ou.
5Yon zanmi tout bon ap kanpe la avè ou lè lènmi ap atake ou. #37.5 Yon zanmi tou bon ap kanpe la avè ou lè lènmi ap atake ou: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: Pou defann vant li, yon zanmi ap soufri avè ou.
Lè ou nan batay, l'ap pran zam avè ou.
6Pa janm bliye yon zanmi ki pa lage ou lè ou nan batay.
Pa bliye l lè w'ap separe sa ou pran nan lagè.
Moun k'ap bay konsèy
7Tout moun ka bay konsèy.
Men, gen moun se dèyè enterè yo ase yo ye lè y'ap bay konsèy.
8Veye kò ou ak moun k'ap ba ou konsèy.
Chache konnen dèyè kisa li ye.
Paske, ou mèt sèten, se dèyè enterè pa l ase li ye kifè l'ap ba ou konsèy konsa.
Poukisa pou ou ba li pye sou ou?
9L'ap toujou di ou sa wap fè a bon.
Men, l'ap rete dèyè pou l wè sa k'ap rive ou.
10Pa al chache konsèy nan men moun k'ap gade ou anba anba.
Pa louvri kè ou bay moun ki anvye sò ou.
11Pa al mande yon fanm konsèy sou yon lòt fanm k'ap koupe zèb anba pye l,
ni pa al mande yon kapon konsèy sou lagè,
ni yon kòmèsan konsèy sou yon trafik,
ni yon prenè konsèy sou yon zafè,
ni yon moun ki kripya konsèy sou jan pou ou gen rekonesans,
ni yon moun ki rayisab konsèy sou jan pou ou fè moun byen,
ni yon parese konsèy sou yon travay ou gen pou ou fè,
ni yon moun k'ap travay pa jou konsèy sou lè pou travay la fini,
ni yon domestik ki fenyan konsèy sou yon gwo travay ki pou fèt.
Pa konte sou moun sa yo pou yo ba ou okenn bon konsèy.
12Men, al jwenn yon moun k'ap sèvi Bondye,
yon moun ou konnen k'ap viv dapre kòmandman Bondye yo,
yon moun ki gen menm lide avè ou,
epi k'ap pran lapenn pou ou si sa pa mache pou ou.
13Lèfini, fè sa ou santi nan kè ou ki bon an.
Pa gen pi bon konsèy pou ou fye pase sa.
14Paske, lide ki vin nan tèt ou ka ba ou pi bon avètisman
pase sèt moun ou mete sou tèt mòn ap veye pou ou.
15Men, anvan tout bagay, lapriyè nan pye Bondye ki anwo nan syèl la,
pou l moutre ou bon chemen laverite a.
Bon Konprann ki bon an
16Anvan ou konmanse anyen, fè tèt ou travay sou sa.
Anvan ou mete men nan anyen, kalkile byen.
17Se nan lespri moun tout lide sòti.
Yo donnen fè kat branch. #37.17 Yo donnen fè kat branch: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: Gen kat bagay ki moutre chanjman ki fèt nan kè moun.
18Sa ki bon ak sa ki mal, lavi ak lanmò.
Men, se lang ki donminen yo tout.
19Yon moun ka gen ladrès pou l moutre lòt moun,
epi li menm li pa ka fè anyen pou tèt pa li.
20Yon moun te mèt konn fè bèl fraz,
l'ap mouri grangou sitèlman li fè yo rayi li. #37.20 Nan tèks grèk la yo bay yon vèsè 21 ki pati konsa: Paske Granmèt la pa ba li don pou li fè moun plezi, li manke sou bon konprann li.
22Yon moun ka mete nan tèt li li gen bon konprann.
Dapre sa li di, l'ap fè ou konprann sa ki sòti nan lespri l se bagay sèten.
23Moun ki gen bon konprann tout bon an ap moutre pèp la tout bagay.
Sa ki sòti nan lespri li se bagay sèten.
24Bondye ap vide benediksyon sou moun ki gen bon konprann yo.
Tout moun ki wè yo pral di jan sa bon pou yo.
25Ou ka konte konbe jou ki gen nan lavi yon moun,
men ou pa ka konte jou ki gen nan lavi pèp Izrayèl la.
26Lè yon moun gen bon konprann, pèp la fè l konfyans,
yo p'ap janm bliye l.
Konn kontwole anvi kò ou
27Pitit mwen, pandan tout lavi ou, sonde tèt ou.
Pa bay tèt ou sa ou konnen ki pa bon pou ou.
28Se pa tout bagay ki bon pou tout moun.
Lèfini, tout moun pa renmen tout bagay.
29Pa fè afreman pou manje ou renmen.
Pa fè safte dèyè manje.
30Manje twòp fè moun malad,
safte ap ba ou vant fè mal.
31Anpil moun mouri paske yo te fè safte dèyè manje.
Men, moun k'ap kontwole kò yo ap viv lontan.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 37: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte