Chirasid 34

34
Pa kwè twòp nan rèv
1Moun sòt kite fo espwa twonpe yo.
Rèv yo fè eksite yo.
2Moun ki kwè nan rèv se tankou moun
k'ap chache kenbe lonbray yo osinon k'ap kouri dèyè van.
3Sa ou wè nan rèv, se pòtre sa ou gen nan tèt ou,
menm jan nan yon glas ou wè figi ou.
4Anyen pwòp pa ka sòti nan salte.
Konsa tou, pa gen verite ki ka sòti nan manti.
5Prediksyon, wè davans nan rèv, tout se menm: yo pa vo anyen.
Sa ou vle wè a se sa w'a wè ladan yo. #34.5 Sa ou vle wè a se sa w'a wè ladan yo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: Se tankou lide k'ap travay nan tèt fanm ki gen doulè tranche.
6Si se pa Bondye anwo nan syèl la ki voye yo,
pa okipe yo.
7Rèv fè anpil moun pèdi chemen yo.
Moun ki te kwè nan yo pran move rèz.
8Ou pa bezwen manti sa yo pou fè tou sa lalwa mande.
Bon konprann nan bouch moun ki mache dwat ak tout kè yo bon nèt ale.
Vwayaj
9Lè yon moun vwayaje anpil, li aprann anpil bagay tou.
Lè yon moun pase anpil nan lavi, li pale bon pawòl ki gen sans.
10Moun ki pa pase tray nan lavi pa konn anpil bagay.
Men, moun ki vwayaje pa manke konn bon lizay.
11Nan vwayaj mwen yo, mwen wè anpil bagay.
Mwen p'ap janm fin pale sou sa mwen konprann.
12Anpil fwa menm mwen manke mouri.
Men, mwen te toujou sòti vivan gremesi esperyans mwen fè nan lavi.
Krentif pou Bondye
13Moun ki gen krentif pou Granmèt la ap viv,
paske yo mete espwa yo nan yon moun ki ka delivre yo.
14Moun ki gen krentif pou Granmèt la pa pè anyen.
Yo p'ap tranble paske se Bondye ki tout espwa yo.
15Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif Granmèt la!
Yo konnen sou kimoun pou yo apiye, yo konnen kimoun k'ap soutni yo.
16Granmèt la ap veye moun ki renmen l.
Se yon gwo pwoteksyon li ye pou yo, yon sipò ki gen fòs anpil.
L'ap pwoteje yo anba van nan dezè a.
L'ap asire pye yo pou yo pa tonbe.
17L'ap ba yo kouray, l'ap mete limyè nan je yo.
L'ap ba yo lasante ak lavi an benediksyon.
Ofrann bèt pou Bondye
18Si ou ofri bay Bondye yon bèt ou gen nan move kondisyon, ofrann lan pa bon.
Kado ki sòti nan men moun mechan yo p'ap fè Bondye plezi.
19Bondye ki anwo nan syèl la p'ap asepte ofrann moun ki p'ap viv dapre volonte li.
Se pa paske yon moun ofri anpil bèt pou yo touye bay Bondye kifè Bondye ap padonnen peche l yo.
20Lè ou pran bèt ki pou yon pòv pou ou ofri l pou yo touye bay Bondye,
se tankou si ou te touye yon pitit gason devan papa l.
21Yon manje tou piti, se tout lavi yon pòv.
Wete l nan bouch li, se krim ou fè.
22Se tankou si ou te touye yon moun lè w'ap wete manje nan bouch li.
Refize peye yon moun pou travay li fè, se tankou si ou te mete san l deyò.
23Lè yon moun ap bati epi pou yon lòt menm ap demoli,
se traka ase ni pou yonn ni pou lòt.
24Lè yon moun ap mande benediksyon, epi pou yon lòt menm ap mande madichon,
kilès nan de yo Mèt la pral koute?
25Lè yon moun fè sèvis pou mete tèt li nan kondisyon pou l sèvi Bondye apre li te fin manyen yon mò,
si l'al manyen mò a ankò, beny li te pran an p'ap sèvi l anyen.
26Konsa tou, yon moun k'ap fè jèn pou peche li yo,
si, apre sa l'al fè menm peche sa yo ankò,
rete san manje a p'ap sèvi l anyen.
Kimoun ki pral koute lapriyè l'ap fè yo?

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 34: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte