Chirasid 26
26
1Benediksyon pou yon mari ki gen yon bon fanm!
Poutèt madanm li, l'ap viv de fwa pi lontan.
2Yon madanm ki bon nèt ap fè kè mari l kontan.
Mari li ap viv chak jou ak kè poze jouk li mouri.
3Yon bon madanm se yonn nan pi gwo benediksyon Granmèt la ka bay moun ki gen krentif pou li.
4Mari konsa te mèt pòv, yo te mèt rich,
y'ap toujou kontan, y'ap toujou ap ri.
5Gen twa bagay ki fè m pè.
Gen yon katriyèm ki fè cheve nan tèt mwen kanpe:
Se tripotay sou moun y'ap plede repete nan tout lavil la.
Se foul moun k'ap fè dezòd.
Se mache di moun fè sa yo pa fè.
Tou sa pi mal pase lanmò.
6Men, fanm k'ap fè jalouzi pou yon lòt fanm, se gwo lapenn, se tèt chaje.
Tout malè sa yo sòti nan lang.
7Yon fanm ki mechan se tankou yon jouk bwa ki mal mare dèyè kou bèf kabwèt.
Si ou konprann ou ka kontwole l, se menm jan si ou ta vle pran yon eskòpyon nan men ou.
8Yon fanm ki bwè, se bagay ki pou fè ou fè gwo kòlè.
Li gen pou l fè bagay lèd devan tout moun.
9Ou rekonèt yon fanm ap manje kòd sou jan l'ap gade gason:
l'ap tenyen je ba yo.
10Lè ou gen yon pitit fi k'ap fè radiyès avè ou, kenbe l kout.
Nenpòt ti chans ou ba li, l'ap dòmi sou ou.
11Si ou wè li gen je chèch, veye kò ou avè l.
Ou pa bezwen sezi si ou wè l'ap derespekte ou.
12Menm jan lè yon moun k'ap vwayaje swaf dlo, li bwè nenpòt dlo li jwenn,
konsa tou, yon jennfi konsa ap kouche ak nenpòt gason li jwenn.
L'ap lage kò li bay moun li vle.
13Yon fanm ki gen bon lizay ap fè kè mari l kontan.
Si li gen dis dwèt li, zafè mari l ap mache byen.
14Yon fanm ki pa pale, se yon kado Bondye fè ou.
Pa gen pri pou yon fanm ki gen bon levasyon.
15Yon fanm ki fè respè tèt li, se yon gwo benediksyon.
Yon fanm ki pa cho, se yon gwo richès.
16Yon bèl fanm ki kenbe kay li byen,
se tankou solèy k'ap leve sou mòn Granmèt la yo.
17Yon bèl figi anwo yon kò byen kanpe,
se tankou limyè ki klere nan lanp yo mete apa pou Bondye a.
18Bèl janm kanpe sou talon pye solid,
se tankou poto lò ki chita sou sipò ajan. #26.18 Gen maniskri grèk ki bay vèsè 19 rive vèsè 27 ki pati konsa: 19 Pitit mwen, kenbe kò ou an sante antan ou jenn lan. Pa bay etranje fòs ou. 20 Chache yon bon venn tè pou fè jaden ou nan tout peyi a. Simen grenn pa ou. Fè bon ras ou konfyans. 21 Konsa, pitit w'ap kite apre ou yo va viv lontan, ya kontan tèt yo dèske yo sèten yo sòti nan bon ras. 22 Yon jennès pa vo plis pase krache. Yon madam marye tankou yon gwo fò won. Depi ou pwoche bò kote l w'ap peri. 23 Yon nonm ki pa respekte lalwa Bondye a va jwenn yon fanm ki p'ap sèvi Bondye. Men, yon nonm ki gen krentif pou Bondye va jwenn yon fanm k'ap sèvi Bondye. 24 Yon fanm sanwont ap pran plezi li nan fè sa k'ap avili l. Yon fanm ki pa debraye ap toujou kenbe kò li menm lè li pou kont li ak mari l. 25 Fanm ki radi, y'ap trete sa tankou chen. Men, fanm ki fè respè tèt yo ap gen krentif Granmèt la. 26 Yon fanm ki respekte mari l ap pase pou moun bon konprann nan je tout moun. Men, fanm ki derespekte mari yo, k'ap fè awogans, y'ap pase pou moun ki p'ap sèvi Bondye. Benediksyon pou yon mari ki gen yon bon fanm san defo! L'ap viv de fwa pi lontan. 27 Yon fanm ki pale fò, ki pa janm bay bouch li kanpo, se tankou yon twonpèt k'ap bay siyal nan lagè pou atake. Yon nonm ki gen yon madanm konsa ap pase tout lavi li nan goumen.
Bagay ki bay moun lapenn
28Gen de bagay ki ban mwen lapenn.
Gen yon twazyèm bagay menm se vire li vire bil mwen lanvè:
se sòlda #26.28 sòlda: osinon, dapre sa nou jwenn nan yon ansyen maniskri grèk: moun rich. ki tonbe nan mizè lè yo granmoun,
se moun lespri yo pa respekte,
se moun ki t'ap mache dwat epi ki lage kò yo nan fè sa ki mal.
Granmèt la pare dènye kalite moun sa yo pou yo mouri nan lagè.
Kòmès
29Se pa bagay fasil pou yon kòmèsan kenbe tèt anba tantasyon.
Depi yon moun ap fè trafik kòmès, se pou l mete men li nan fè sa ki mal.
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 26: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: