Chirasid 24

24
Lwanj pou Bon Konprann lan
1Bon Konprann ap fè lwanj tèt li.
Nan mitan pèp li a l'ap fè grandizè.
2Nan mitan asanble Bondye ki anwo nèt nan syèl la, l'ap pale.
L'ap fè lwanj tèt li devan zanj Bondye yo, l'ap di:
3Se nan bouch Bondye ki anwo nèt nan syèl la mwen sòti.
Tankou yon vapè mwen kouvri tout latè a.
4Se nan syèl la mwen rete.
Fòtèy mwen te sou tèt gwo poto nyaj la.
5Se pou kont mwen mwen te mache fè wonn syèl la,
mwen te desann vizite twou fon an jouk anba nèt.
6Mwen gen pouvwa sou lanm lanmè yo ak sou tout latè.
Mwen gen pouvwa sou tout pèp ak sou tout nasyon.
7Nan mitan tout bagay sa yo, m'ap chache yon kote pou m poze kò mwen,
m'ap chache yon bitasyon kote pou m tabli.
8Lè sa a, Sila ki kreye tout bagay yo ban m yon lòd.
Sila ki kreye m lan deside kote pou m rete a.
Li di m konsa: Rete nan mitan moun Jakòb yo.
Al viv ak moun pèp Izrayèl yo.
9Nan konmansman, anvan te gentan, li kreye mwen.
M'ap la jouk nan tan ki p'ap janm fini an.
10Nan kay ki apa pou li a, mwen reskonsab sèvis y'ap fè devan li.
Se konsa m'al tabli kò m sou mòn Siyon an.
11Mwen jwenn kote pou m poze a nan lavil li renmen anpil lan.
Se nan Jerizalèm mwen chita, se la m'ap gouvènen.
12Mwen pouse rasin nan mitan yon pèp ki pa manke fè bèl bagay,
nan bitasyon Granmèt la, nan peyi ki rele l pa l la.
13Se la mwen grandi, mwen vin tankou pye sèd peyi Liban yo,
tankou pye pichpen peyi Emon yo.
14Mwen grandi, mwen vin tankou pye palmis peyi Angadi yo,
tankou pye lorye wòz laplenn Jeriko yo,
tankou yon bèl pye zoliv k'ap grandi laplenn.
Mwen grandi tankou yon pwadous.
15Mwen bay odè tankou kannèl ak gonm bwa santi bon.
M'anbonmen tankou lami,
tankou fèy sitwonnèl ak kas, tankou poud oniks,
tankou lafimen lansan nan Tant Randevou a.
16Mwen lonje branch mwen yo tankou terebent.
Branch mwen yo bèl, yo anfòm.
17Mwen tankou yon pye rezen k'ap fè bèl branch.
Flè mwen yo bay bèl donn an kantite. #24.17 Gen maniskri ki bay yon vèsè 18 konsa: Mwen se manman bon jan renmen an, manman krentif pou Bondye ak konesans, manman espwa ki sòti nan Bondye a. Mwen menm ki fèt depi tout tan an, mwen ofri tèt mwen bay tout pitit mwen yo, pitit Bondye te chwazi pou mwen yo.
19Vini jwenn mwen, nou tout ki anvi m yo.
Plen vant nou ak donn mwen yo.
20Lè n'ap chonje m, sa ap pi dous pase gato myèl.
Pou moun ki genyen m yo, sa ap pi dous pase gato myèl.
21Moun k'ap manje m ap toujou grangou m.
Moun k'ap bwè m ap toujou swaf mwen.
22Moun k'ap obeyi m p'ap janm sòti wont.
Moun k'ap fè sa mwen di yo fè a p'ap janm tonbe nan peche.
Bon Konprann ak lalwa
23Tou sa se Liv Kontra Bondye ki anwo nan syèl la,
Lalwa Moyiz te ban nou lòd pou nou swiv la,
lalwa li kite tankou yon byen eritay pou moun branch fanmi Jakòb yo. #24.23 Gen maniskri grèk ki bay yon vèsè 24 ki pati konsa: Pa janm sispann chache fòs nou nan Granmèt la. Kenbe l fèm pou l ka ban nou fòs. Granmèt ki gen pouvwa a, se li menm sèl ki Bondye. Pa gen delivrans si se pa li ki delivre.
25Se lalwa ki bay bon konprann an kantite tankou dlo larivyè Pichon an,
tankou dlo larivyè Tig nan sezon ranmase grenn.
26Se lalwa ki bay lespri an kantite tankou dlo larivyè Lefrat,
tankou dlo larivyè Jouden k'ap desann nan sezon rekòt.
27Se lalwa ki bay disiplin an kantite tankou dlo larivyè Nil,
tankou dlo larivyè Giyon k'ap desann nan sezon rekòt rezen.
28Premye moun ki te sou latè a pa te janm rive fin jwenn li nèt.
Konsa tou, dènye moun ki va sou latè a p'ap ka rive jwenn li nèt tou.
29Lide l yo pi laj pase lanmè,
yo pi fon pase twou san fon an.
30Mwen menm, mwen tankou yon kannal dlo ki sòti larivyè a,
tankou yon gwo kouran dlo k'ap desann nan jaden.
31Mwen di: Mwen pral wouze jaden mwen.
Mwen pral wouze platbann mwen yo.
Epi men li, kannal dlo mwen te ye a tounen yon gwo larivyè.
Gwo larivyè a tounen lanmè.
32Mwen pral fè sa m'ap moutre nou an klere tankou solèy k'ap leve.
Moun ap rete byen lwen y'ap wè li.
33Tankou yon pwofèt Bondye, m'ap mache moutre tout moun tout bagay,
pou moun k'ap vin apre yo ka jwi yo tou.
34Nou wè se pa pou tèt pa mwen m'ap travay.
M'ap travay pou tout moun k'ap chache gen bon konprann yo.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 24: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte