Chirasid 17
17
1Se konsa, Granmèt la pran tè pou l fè moun,
l'ap fè yo tounen nan tè a ankò apre sa.
2Li ba yo yon kantite jou ak yon tan fiks pou yo viv.
Lèfini li ba yo pouvwa sou tout bagay ki sou latè.
3Li ba yo fòs tankou fòs pa l la.
Li kreye yo pòtre avè l.
4Li fè tout bèt li kreye yo pè moun,
pou moun ka donminen sou tout bèt nan bwa ak sou tout zwazo. #17.4 Gen maniskri ki bay yon vèsè 5 ki pati konsa: Granmèt la ba yo senk pouvwa pou yo sèvi pou yo ka rive gen konesans. Li ba yo yon sizyèm pouvwa, pouvwa pou yo konprann, ak yon sètyèm pouvwa, pouvwa lapawòl pou yo ka esplike sa lòt pouvwa yo fè yo konnen.
6Li ba yo yon bouch, yon lang, de je, de zòrèy.
Li ba yo lespri pou yo kalkile.
7Li plenn yo ak konesans ansanm ak konprann,
li moutre yo sa ki byen ak sa ki mal.
8Li mete limyè li nan lespri yo,
pou l fè yo wè kalite bèl bagay li fè ak gwo pouvwa li. #17.8 Gen maniskri ki bay yon vèsè 9 ki pati konsa: Li ba yo okazyon fè kè yo kontan ak bèl bagay li fè yo pou tout tan, pou yo ka rakonte ak bon konprann sa li fè.
10Y'a fè lwanj pou non li ki apa.
Y'a rakonte kalite bèl bagay li fè ak gwo pouvwa li.
11Li ba yo konesans tou,
li fè yo kado lalwa k'ap bay lavi a.
12Li pase ak yo yon kontra ki la pou tout tan.
Li fè yo konnen sa li mande yo fè.
13Yo wè ak je yo jan li gen yon bèl pouvwa,
yo tande ak zòrèy yo gwo bèl vwa li genyen an.
14Li di yo konsa: Veye kò nou pou n pa fè anyen ki mal.
Li ba yo lòd jan pou yo boule yonn ak lòt, ak frè parèy yo.
Bondye sèl jij
15Tou sa moun ap fè parèt aklè devan Bondye.
Yo pa janm ka rive kache pou l pa wè yo. #17.15 Gen lòt maniskri ki bay yon vèsè 16 ak yon bout nan konmansman vèsè 17 la ki pati konsa: 16 Depi yo piti yo sòti pou yo fè sa ki mal. Kè yo, ou ta di wòch. Sanble pa gen anyen yo ka fè pou chanje yo. 17 Li separe nasyon yo sou latè.
17Li bay chak pèp yon chèf pou dirije yo.
Men, pou pèp Izrayèl la, se pou Granmèt la yo ye. #17.17 Gen lòt maniskri ki bay yon vèsè 18 ki pati konsa: Pèp Izrayèl la tankou premye pitit gason Granmèt la. Granmèt la ap ba li disiplin antan l'ap elve li. L'ap ba li limyè renmen li, li p'ap janm lage l.
19Tou sa moun ap fè parèt aklè devan li tankou nan gwo solèy.
Je li toujou louvri ap veye tou sa y'ap fè.
20Anyen nan lenjistis yo fè yo p'ap rete kache devan li.
Tou sa yo fè ki mal parèt aklè devan Granmèt la. #17.20 Gen lòt maniskri ki bay yon vèsè 21 ki pati konsa: Men, Granmèt la gen bon kè, li konnen moun li kreye yo. Konsa, li p'ap detwi yo ni li p'ap lage yo. Men l'ap toujou gen pitye pou yo.
22Lacharite yon moun fè se tankou yon mak letanp Granmèt la p'ap janm bliye.
L'ap sere tou sa yon moun fè ki byen tankou de grenn je nan tèt li.
23Yon jou l'ap leve konsa l'ap ba yo rekonpans yo,
l'ap ba yo chak sa yo merite.
24Moun ki regrèt sa yo fè ki mal, l'ap kite yo tounen vin jwenn li.
L'ap ankouraje moun ki dekouraje fasil yo.
Tounen vin jwenn Bondye
25Tounen vin jwenn Granmèt la. Vire do bay peche nou yo.
Lapriyè devan Bondye, sispann fè bagay mal ki pa fè l plezi.
26Tounen vin jwenn Bondye ki anwo nan syèl la, vire do bay mechanste nou yo.
Rayi nèt ale tou sa ki pa dwat.
27Nan peyi kote mò yo ye a, pèsonn pa ka fè lwanj Bondye ki anwo nan syèl la.
Se sèlman moun ki vivan yo ki ka fè l lè yo di l mèsi.
28Moun ki mouri yo tankou moun ki pa la ankò. Yo pa konnen sa ki rele fè lwanj Bondye.
Se moun ki vivan yo, moun ki jwi lasante yo ki ka chante lwanj pou Bondye.
29Ala renmen Granmèt la renmen moun!
Gade jan li padonnen moun ki tounen vin jwenn li non!
30Moun pa ka fè tout bagay,
paske pa gen moun ki p'ap janm mouri.
31Pa gen anyen ki pi klere pase solèy.
Men, ata limyè solèy la ka disparèt dèyè lalin.
Moun ki vyann ak san se move lide ase yo genyen k'ap travay nan tèt yo.
32Granmèt la ap veye sou tout lame zetwal ki nan syèl la.
Moun menm, se tè ak sann yo ye.
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 17: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: