Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: — Ou kwè se Nawomi sa? Nawomi reponn yo: — Tanpri, pa rele m Nawomi. Pito nou rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil. Lè m te pati isit la, mwen te gen tou sa m te bezwen. Men jòdi a, Senyè a mennen m tounen de men m de pye m. Poukisa pou n'ap rele m Nawomi toujou lè Senyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen? Se konsa Nawomi tounen soti nan peyi Mowab ansanm ak bèlfi li Rit, moun peyi Mowab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt lòj te fèk tanmen.
Li Rit 1
Koute Rit 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Rit 1:19-22
5 Days
Few people do we emotionally relate to in the Bible more than Ruth; a poor, widowed foreigner who made God her priority and watched as He transformed her life. If you’re looking for some encouragement in your circumstances, don’t miss this reading plan!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo