Women 9:9-21

Women 9:9-21 HAT98

Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gentan gen yon pitit gason. Se poko fin tout koze a sa. Gen Rebeka tou. Li te fè de pitit pou yon sèl papa. Se te Izarak, zansèt nou. Men, Bondye gen jan pa l pou l chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a. Dapre sa ki te ekri: Mwen pi fèb pou Jakòb pase Ezayi. Bon, kisa sa vle di? Bondye genlè ap fè lenjistis? Men non. Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m pou moun mwen vle. Se sa ki fè sa pa depann ni sou volonte lèzòm, ni sou jefò yo fè. Se sèl Bondye sa regade nan kè sansib li. Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè. Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li. Kounyeya, n'a mande m: Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye? Monchè, pito ou mande: kisa m ye pou m ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: eske krich la ka pale ak moun ki fè l la pou l mande l: Poukisa se konsa ou fè m? Moun k'ap pare tè pou fè krich, li gendwa fè sa li vle ak tè a. Li ka travay yon bèl krich byen chè epi yon krich bon mache.