Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki sede devan egzijans lachè, li pa ka fè Bondye plezi. Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. Se vre, akoz peche, eta kò a se lanmò, men si Kris ap viv nan ou, Lespri Bondye ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
Li Women 8
Koute Women 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 8:6-11
3 Days
Your thoughts can hold you back, push you down, and feed you lies. But they can also lift you up! So, Craig Groeschel, senior pastor of Life.Church, wrote down some truths he reads every day. Start reading to see how these words changed everything for him, and find three simple steps to discovering your own Words to Live By.
7 Days
Is it really possible to experience peace when life is painful? The short answer: yes, but not in our own power. In a year that has left us feeling overwhelmed, many of us are left with questions. In this 7-day Bible Plan, accompanying Pastor Craig Groeschel’s message series, we’ll discover how to find the Missing Peace we all crave.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo