Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi. Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze. Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm. Moun ki sede devan egzijans lachè, li pa ka fè Bondye plezi. Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. Se vre, akoz peche, eta kò a se lanmò, men si Kris ap viv nan ou, Lespri Bondye ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
Li Women 8
Koute Women 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 8:5-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo