Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou? Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi? Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras! Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou. Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo
Li Women 8
Koute Women 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 8:31-38
3 Days
Invite ancient scriptural foundations found in modern worship music to lead you into a sense of communion with our Savior Forever, Jesus Christ. Each day of this quick video plan presents a song and scripture together for your reflection. Great for individuals or invite a small group of friends to go through it together.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo