Women 8:3-4
Women 8:3-4 HAT98
Bagay lalwa Moyiz pa te kapab fè, paske egzijans lachè t'ap fè te rann li san fòs, se Bondye menm ki akonpli yo. Bondye kondannen peche lèzòm nan lachè sa a lè li voye pwòp pitit pa li nan yon kò ki menm ak kò peche a pou li ka fini nèt ak peche. Bondye fè sa pou moun pa viv dapre sa lachè egzije yo, men dapre egzijans Lespri Bondye pou nou satisfè sa lalwa mande.



