Frè m' yo, mwen sèten paske nou konnen lalwa a, nou konn sa m'pral di nou la a: Toutotan yon moun sou tè a, lalwa gen pouvwa sou li. M'ap pran yon egzanp: yon madanm marye gen angajman avèk mari l devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè. Se menm jan an tou pou nou menm, frè m yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Kounyeya, se nan men moun ki te leve sòti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye. Lè nou t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan nou, yo t'ap travay nan nou. Yo te fè nou fè bagay ki t'ap kondi nou nan lanmò. Kounyeya, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sa k fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l ankò jan n te konn sèvi l nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.
Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou nou. Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l fè m gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò. Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m lavi a, se li menm ki ban m lanmò. Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.
Men, lalwa a se yon bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon. Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.