Moun ki mouri, li delivre anba pouvwa peche. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li. Nou konnen Kris la te leve sòti vivan nan lanmò, li pa gen pou l mouri ankò. Lanmò pa gen okenn pouvwa sou li. Lè l te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Kounyeya l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv. Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri. Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Li Women 6
Koute Women 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 6:7-14
3 Days
What is baptism? Should I get baptized? Why is it important? Do I have to get baptized to be a Christian? Whether you have questions about baptism or you’re simply looking for a short devotional to read before or after being baptized, this Life.Church Bible Plan is perfect for starting today.
6 Days
Change isn’t easy, but it isn’t impossible, either. Starting a few small good habits can change how you see yourself today and transform you into the person you want to be tomorrow. This Life.Church Bible Plan moves through Scripture with a simple acronym for making good daily habits that actually stick.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo