Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche. Men kounyeya, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou. Nou delivre anba peche. Kounyeya se esklav sa ki byen nou ye. M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n te fè sa ki mal. Konsa tou kounyeya, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n ka viv apa pou li. Lè n te esklav peche a, nou pat gen okenn obligasyon pou n te fè sa ki byen. Lè sa a, kisa n te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò. Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.
Li Women 6
Koute Women 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 6:17-23
2 Weeks
Jesus Himself said anyone who loves Him will obey His teaching. No matter what it costs us personally, our obedience matters to God. The "Obedience" reading plan walks through what the Scriptures say about obedience: How to maintain a mindset of integrity, the role of mercy, how obeying frees us and blesses our lives, and more.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo