Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Women 4:1-8

Women 4:1-8 HAT98

Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l te jwenn? Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye. Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l gras. Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li. Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li. Se sa David te vle di, lè l deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l fè, se moun konsa ki beni: Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè! Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l kont pou sa li fè ki mal!

Li Women 4

Koute Women 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Women 4:1-8

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo