Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo. Tande byen: moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun k'ap aji mal ki pou pè. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen. Se lwanj ase w'a resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap pini moun ki fè sa ki mal. Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen.
Se poutèt sa nou peye taks. Paske moun k'ap ranmase yo a, se nan sèvis Bondye yo ye. Se pou yo fè travay yo ak konsyans. Peye chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè.
Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande. Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: “Piga ou janm fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay touye moun. Piga ou janm vòlò. Piga ou pote lanvi sou sa ki pa pou ou”. Kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan. Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun. Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi. Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.