Women 12:6-8
Women 12:6-8 HAT98
Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l anonse mesay ki sòti nan Bondye, se pou l fè sa dapre lafwa li genyen an. Si yon lòt resevwa don pou l fè yon travay, se pou l fè travay la. Moun ki resevwa don pou l moutre lòt anpil bagay, se sa pou l fè. Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.


