Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito. Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman.
Li Women 11
Koute Women 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 11:17-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo