Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la: Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m tou? Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm ki pa janm met jenou tè devan Baal. Konsa tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo. Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
Bon. Kisa n'a di kounyeya? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di, dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a. David, bò pa l, di tou:
Se pou resèpsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo,
pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo.
Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm.
Fè yo mache do ba tout tan.
Kounyeya, m'ap mande: Lè jwif yo bite, eske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo. Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!
Kounyeya, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a. Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo. Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!
Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou. Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.
Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman.