Women 11:1-12

Women 11:1-12 HAT98

Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la: Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m tou? Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm ki pa janm met jenou tè devan Baal. Konsa tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo. Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò. Bon. Kisa n'a di kounyeya? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di, dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a. David, bò pa l, di tou: Se pou resèpsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo. Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan. Kounyeya, m'ap mande: Lè jwif yo bite, eske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo. Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!