Frè m yo, jan m ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo! Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pat konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye te vle fè l la. Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
Li Women 10
Koute Women 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 10:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo