Women 10:1-21

Women 10:1-21 HAT98

Frè m yo, jan m ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo! Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pat konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye te vle fè l la. Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras. Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l ladan li. Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann sòti ladan li.) Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve sòti vivan pami mò yo.) Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesay konfyans nan Bondye, mesay n'ap anonse a. Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans. Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini! Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse. Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pat tande mesay la? Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè. Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pat konprann sa? Pou konmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann. Ezayi pouse odas li pi lwen toujou lè li di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen. Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò.