Women 10:1-13

Women 10:1-13 HAT98

Frè m yo, jan m ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo! Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann. Yo pat konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pat asepte jan Bondye te vle fè l la. Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras. Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l ladan li. Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann sòti ladan li.) Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve sòti vivan pami mò yo.) Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesay konfyans nan Bondye, mesay n'ap anonse a. Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.