Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse Bòn Nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou; se san rete m'ap lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm. Mwen vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a. Frè m yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk kounyeya. Reskonsablite mwen, se pou m'anonse Bonnouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere. Kit yo save, kit yo pa save. Se poutèt sa, m anvi vin anonse Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm.
Li Women 1
Koute Women 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 1:8-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo