Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm. Depi lontan, Bondye te sèvi ak pwofèt li yo pou pwomèt nou Bonnouvèl sa a nan Liv Sentespri te fè yo ekri a. Bonnouvèl sa a pale nou sou Pitit li Jezikri, Senyè nou, ki soti nan ras wa David. Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò. Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m favè pou m travay tankou apòt, pou m mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li. Nou menm, kretyen lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou nou antre nan fanmi Jezikri a. Se sa k fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Li Women 1
Koute Women 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Women 1:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo