Premye malè a te pase. Te gen de lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa. Lè sa a, sizyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a. Vwa a pale ak sizyèm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: — Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la. Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè. Yo di m kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon. Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalye yo nan vizyon an: Kavalye yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap sòti nan bouch yo. Twa bagay sa yo ki t'ap sòti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè. Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste. Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa te mouri anba kalamite sa yo, pa te sispann adore satan ak zidòl lò, lajan, bwonz, wòch epi ak zidòl bwa, zidòl ki pa ka wè ni ki pa ka tande ni ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pat chanje jan yo t'ap viv la, yo pat sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.
Li Revelasyon 9
Koute Revelasyon 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 9:12-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo