Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m ak rad blan yo, paske yo merite sa. — Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
Li Revelasyon 3
Koute Revelasyon 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 3:2-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo