Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Revelasyon 3:15-20

Revelasyon 3:15-20 HAT98

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou tyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou sòti nan bouch mwen. W'ap plede di: Mwen rich, zafè m ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutouni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen pini. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye. Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen.

Li Revelasyon 3

Koute Revelasyon 3

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 3:15-20

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo