Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l konsa: — Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l yo tankou de flanm dife, ak pye l yo klere tankou kwiv poli. Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan. Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l kont tan pou l vire kite peche l yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral fè li pran kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun ki nan adiltè ak li yo pral soufri anpil tou si yo pa vire do kite zak y'ap plede fè avèk li yo. Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Li Revelasyon 2
Koute Revelasyon 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 2:18-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo