Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann sòti nan syèl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di:
Aa, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini!
Koulyeya, se la denmon rete.
Se la tout kalite movèzespri al sere kò yo.
Se la tout kalite zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje, zwazo moun fèt pou rayi yo, se la yo rete.
Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l lan, diven gwo imoralite l la.
Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li.
Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap sòti nan syèl la, li t'ap di:
Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a,
pou nou pa patisipe nan peche l yo,
pou nou pa tonbe ansanm avè l anba kalamite ki pral frape li yo.
Paske, peche l yo fè pil sou pil rive jouk nan syèl la.
Bondye chonje tou sa li fè ki mal.
Se pou n aji avè l menm jan li te aji avèk nou.
Pou tou sa li fè yo, n'a peye l de fwa lavalè.
Plen gode l ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l te pare pou nou an.
Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l,
se konsa tou pou n fè l soufri, pou nou ba l anpil lapenn.
Li t'ap di nan kè l: Kote m chita a, se larenn mwen ye.
Mwen pa pèdi mari m, mwen p'ap janm gen lapenn.
Se poutèt sa, tout kalamite l yo ap tonbe sou li yon sèl jou:
gwo maladi, lapenn ak grangou.
Dife ap boule li nèt.
Paske, Bondye k'ap jije l la se yon Mèt ki gen pouvwa.
Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l la. Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè lè y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou pini ou!
Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pat gen pèsonn ankò pou achte machandiz yo: lò, ajan, bèl pyè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè vyolèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asye, an fè ak an mab, kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. Kòmèsan yo t'ap di lavil la:
— Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!
Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, y'a di:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè vyolèt, twal fen koulè wouj! Pou jan l te chaje ak bijou an lò, ak bèl pyè ki koute chè ak bèl grenn pèl! Yon sèl moman kont pou l te pèdi tout richès sa yo!
Tout kaptenn bato ak pasaje yo, maren yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele:
— Pat gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!
Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l te genyen!
Ou menm, syèl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye pini li pou sa l te fè nou.