Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki rete sou latè, bòn nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo. Yon dezyèm zanj t'ap swiv premye a, li t'ap di: — Wey, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini! Li menm ki t'ap fè tout nasyon bwè diven fò li a! Li menm ki t'ap fè yo bwè diven gwo imoralite li a! Yon twazyèm zanj t'ap swiv de premye yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: — Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.
Li Revelasyon 14
Koute Revelasyon 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 14:6-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo