Yon lòt zanj sòti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l. Yon lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule sòti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.
Li Revelasyon 14
Koute Revelasyon 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 14:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo