Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfyans yo fèm nan Jezi a gen anpil pasyans. Apre sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen: — Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo. Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. Yon lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nyaj la pase kouto digo l la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.
Li Revelasyon 14
Koute Revelasyon 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 14:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo