Yon gwo siy parèt nan syèl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pye li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li. Li te prèt pou l te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l rele. Yon lòt siy te parèt nan syèl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. Sou chak twa zetwal ki nan syèl la, li pran yonn li rache l ak ke l, li voye l jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki ta pral akouche a, pou l te ka devore ti pitit la kou l fèt. Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l bò kote Bondye, bò kote fòtèy la. Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l manje pandan mildesanswasant (1.260) jou. Lè sa a, yon sèl batay pete nan syèl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l yo avè l pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l dwa rete nan syèl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t'ap di: — Kounyeya, Bondye pral vin delivre nou. Kounyeya Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Kounyeya, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l deyò nan syèl la.
Li Revelasyon 12
Koute Revelasyon 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Revelasyon 12:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo