Revelasyon 1:9-20

Revelasyon 1:9-20 HAT98

Mwen menm Jan, frè nou, ki fè yon sèl ak nou, kit nan soufrans nou, kit nan wayòm Bondye a, kit nan pasyans Jezikri ban nou. Yo mete mwen nan zile Patmòs, yo ban mwen la pou prizon, paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a, mwen t'ap preche Jezikri. Yon lè, Lespri pran mwen jou Senyè a, mwen tande yon gwo vwa dèyè mwen ki t'ap sonnen kou yon twonpèt. Li di m konsa: — Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise. M vire pou m wè ki moun ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pye l, ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l yo menm te tankou de flanm dife. Pye l yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l nan fòj. Lè l pale menm, vwa l te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap sòti nan bouch li. Figi l menm te klere tankou gwo solèy midi. Lè mwen wè l, mwen tonbe nan pye l tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m konsa: — Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premye, se mwen ki dènye. Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men kounyeya, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a. Ekri tou sa ou wè a: ni sa k'ap pase kounyeya, ni sa ki gen pou rive apre. Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.