Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: — Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l jou sa a nan dezè a bò Masa. Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m, malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo. Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Li Sòm 95
Koute Sòm 95
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 95:7-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo