Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 94:12-22

Sòm 94:12-22 HAT98

Ala bon sa bon, Senyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l konnen sa ki nan lalwa ou, pou l ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an. Senyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo. Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa. Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo? Si se pat Senyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri. Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè. Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan. Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa? Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò. Men, Senyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m jwenn pwoteksyon.

Li Sòm 94

Koute Sòm 94

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Sòm 94:12-22

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo